Dapre Konvansyon sou sovgad patrimwan kiltirèl imateryèl INESKO ane 2003, patrimwan imateryèl se tout «pratik, reprezantasyon, ekspresyon, konesans, savwafè – li gen ladann tou enstriman, objè, ansyen pyès ak espas kiltirèl ki mache ak bagay sa yo - ke yon kominote, yon gwoup, e menm yon moun rekonèt pou kilti l. Li gen ladann lejand, kont, ti istwa, kwayans, memwa, fason fè manje, travay atis, atizana, tout tradisyon yo, fèt, festival, rit ak rityèl, chante, mizik ak dans.
Patrimwan imateryèl la pase de pitit an pitit nan pawòl ak jès. «Chak kominote ak chak gwoup bal fòm pa yo, dapre jan yo viv istwa yo ak zòn kote y ap viv la. Patrimwan imateryèl la fè moun plis renmen zòn kote yo fèt oubyen sòti a, li favorize divèsite kiltirèl ak li fè moun plis kreatif.»
Mete envantè a sou plizyè fòm sou entènèt se yon bon mwayen pou sovgade l epi ba l plis valè pou fè ayisyen k ap viv nan peyi a tankou sa ki ap viv lòt bò dlo ak etranje konnen l.
Se pou rezon sa a Inivèsite Leta Ayiti ak Ministè kilti ak kominikasyon Ayiti, mete tèt yo ansanm pou kòmanse projè Envantè patrimwan imateryèl Ayiti, ki gen pou sig franse (IPIMH). Enstitisyon sa yo jwenn sipò teknik ak finansye Chè rechèch Kanada nan patrimwan etnolojik ak Enstiti Patrimwan Kiltirèl Inivèsite Laval (Kébek, Kanada), ke Laurier Turgeon ap dirije.
Projè envantè sa a ap pèmèt nou fè anpil bagay:
La réalisation de l’Inventaire du patrimoine immatériel d'Haïti a été rendue possible grâce à l’appui de nos partenaires.
© 2024 IPIMH